Vaksinen Jèn yo

Dènye kontni mete ajou 9 desanm 2022

Decorative

Sekirite ak Efikasite Vaksen yo

Vaksinen timoun ou an kont COVID-19 kapab:

  • Ede diminye risk pou yo gen COVID-19
  • Diminye risk pou yo vin malad grav si yo vin gen COVID-19
  • Diminye risk pou yo entène lopital ak risk pou yo mouri akòz COVID-19 lan
  • Ede yo evite enfekte avèk yon varyant COVID-19
  • Ogmante kantite moun nan kominote a ki pwoteje kont COVID-19 — sa ki rann maladi a vin pi difisil pou gaye.
  • Diminye enteripsyon nan aprantisaj ak aktivite an pèsòn nan ede kominote a kanpe pwopagasyon COVID-19 lan.
Decorative

Otorizasyon Vaksen

Vaksen Pfizer a disponib pou timoun ki gen 6 mwa jiska 11 lane grasa yon Otorizasyon Itilizasyon Ijans (Emergency Use Authorization, EUA) epi yo apwouve li nèt pou timoun gen 12 lane ak plis yo. Vaksen Moderna a disponib pou timoun 6 mwa – 17 an anba yon Emergency Use Authorization (EUA, Otorizasyon pou Itilizasyon Ijans). Vaksen Novavax la disponib pou moun ki gen 12+ lane nan kad yon EUA.

Yon EUA pèmèt Food and Drug Administration lan (FDA, Administrasyon Alimantasyon ak Medikaman), rann yon pwodwi disponib pandan yon eta dijans anvan li gen yon lisans konplè. Objektif otorizasyon itilizasyon ijans lan se pou asire moun kapab resevwa vaksen pou sove lavi yo anvan analiz alontèm done yo. EUA toujou mande pou yon revizyon apwofondi sou done klinik yo—men nan yon peryòd tan limite.

The referenced media source is missing and needs to be re-embedded.

Nenpòt EUA FDA otorize verifye yon lòt fwa ankò pa Centers for Disease Control and Prevention Advisory Committee on Immunization Practices (Komite Konsiltatif sou Pratik Vaksinasyon Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi a) (Anglè sèlman) ansanm ak Western States Scientific Safety Review Workgroup (Gwoup Travay Sou Revizyon Sekirite Syantifik Eta Lwès yo).

Kesyon Moun Poze Souvan pou Paran ak Responsab Legal yo

Poukisa mwen ta dwe enkyete sou posibilite pou pitit mwen an pran COVID-19?

Depi kòmansman pandemi an, plis pase 15 milyon timoun Ozetazini trape COVID-19. Nouvo varyant COVID-19 yo pi danjere ak atrapan pou jèn yo pase premye souch yo epi yo lakòz yon ogmantasyon ospitalizasyon COVID-19 lakay jèn yo.

Malgre COVID-19 souvan mwens grav nan timoun pase nan granmoun yo timoun kapab toujou malad grav epi yo kapab pase li bay zanmi ak fanmi ki gen sistèm iminitè fèb oswa ki frajil nan lòt fason.

Timoun ki enfekte ak COVID-19 kapab devlope yon “COVID-19 ki long” oswa sentòm ki pèsistan ki souvan enkli yon twoub nan sèvo, fatig, maltèt, vètij ak souf kout. Vaksinasyon se pi bon mwayen pou kenbe timoun yo an sante epi an sekirite.

Timoun ki enfekte ak COVID-19 ka gen plis risk pou Sendwòm Enflamatwa Miltisistèm (Multisystem Inflammatory Syndrome, MIS-C) (Anglè sèlman). MIS-C se yon kondisyon kote diferan pati nan kò yo kapab vin anflame, tankou kè, poumon, ren, sèvo, po, je, oswa ògàn gastwoentestinal. Pandan yo poko konnen kisa ki lakòz MIS-C anpil timoun ki gen MIS-C te gen COVID-19 oswa yo te gen kontak avèk yon moun ki gen COVID-19. MIS-C kapab grav menm mòtèl men pifò timoun yo dyagnostike ak maladi sa a vin pi byen avèk swen medikal.

Èske vaksen an obligatwa pou antre nan lekòl K-12?

Konsèy Sante Eta Washington (Washington State Board of Health), se pa Depatman Sante, gen otorite pou li kreye kondisyon vaksinasyon pou timoun ki nan lekòl K-12 yo RCW 28A.210.140. Nan moman sa a, vaksen kont COVID-19 la pa obligatwa pou okenn lekòl oswa gadri.

Èske m dwe peye pou vaksen an?

Non. Pitit ou a pra l resevwa vaksen an san w pa bezwen peye. Gouvènman federal la peye pou tout pri vaksen an.

Si w gen asirans sante piblik oswa prive, founisè vaksen w lan kapab voye bòdwo bay yo pou yo ka jwenn ranbousman pou frè administrasyon vaksen an. Si ou pa gen asirans, gouvènman federal la ofri yon pwogram ki pra l peye founisè a pou ba ou vaksen w lan.

Ou pa ta dwe peye anyen oswa resevwa yon bòdwo nan men founisè w la pou frè administrasyon vaksen COVID-19 la. Sa a aplike pou moun ki gen asirans prive yo ki genyen Apple Health (Medicaid) ki genyen Medicare oswa ki pa genyen asirans.

Ki efè segondè komen vaksen COVID-19 la genyen sou timoun yo?

Risk sante yo si timoun yo enfekte ak COVID-19 yo pi wo pase risk efè segondè vaksen an.

Menm jan avèk lòt vaksen yo efè segondè ki pi komen yo se yon bra fè mal, fatig, maltèt, ak doulè nan misk. Jeneralman sentòm sa yo modere.

Nan esè klinik yo (Anglè sèlman) plis timoun te rapòte efè segondè apre dezyèm dòz la pase apre premye dòz la. Jeneralman efè segondè yo te fèb epi modere nan gravite e yo te kòmanse nan lespas de jou aprè vaksinasyon an epi pifò disparèt nan youn a de jou.

Ki engredyan ki nan vaksen mRNA a?

Engredyan ki nan vaksen mRNA an se eleman òdinè ou jwenn nan vaksen an jeneral. Vaksen an gen sibstans aktif mRNA ansanm ak lòt engredyan tankou grès, sèl ak sik ki pwoteje sibstans aktif la, pèmèt li travay pi byen nan kò a epi pwoteje vaksen an pou estokaj ak transpò.

Vaksen mRNA a pa genyen selil moun (ki enkli selil fetal), viris COVID-19, latèks, prezèvatif, oswa okenn pwodwi orijin animal ki enkli pwodwi kochon oswa jelatin. Yo pa devlope vaksen an ak ze epi li pa genyen okenn pwodwi ki genyen ze ladan l.

Gade paj kesyon-repons sa a sou sit Children's Hospital of Philadelphia (Anglè sèlman) pou jwenn plis enfòmasyon sou engredyan yo.

Ki mak vaksen pitit mwen an kapab resevwa?

Nan moman sa a, vaksen Pfizer-BioNTech (Pfizer) ak mak vaksen Moderna COVID-19 yo otorize pou timoun ki gen laj 6 mwa oswa ki pi gran. Vaksen Novavax la disponib pou moun ki gen 12+ lane nan kad yon EUA.

Èske pitit mwen ap bezwen yon dòz rapèl?

Wi, yo rekòmande pou yon dòz rapèl mRNA bivalan ki ajou 2 mwa apre dènye dòz la ajou pou moun ki gen 6 mwa e plis yo. Vaksen COVID-19 Pfizer pou timoun ki gen ant 6 mwa ak 4 lane yo ap gen ladan l de (2) dòz Pfizer monovalan ak yon (1) dòz Pfizer bivalan. Timoun ki gen ant 6 mwa ak 4 lane ki potko kòmanse seri premye 3 dòz Pfizer a oswa ki pa t resevwa twazyèm dòz nan premye seri yo a ap resevwa seri Pfizer ki ajou a kounye a. Timoun ki gen ant 6 mwa ak 4 lane ki te deja fin pran premye seri 3 dòz Pfizer a p ap elijib pou dòz anplis yo oswa dòz rapèl yo nan moman sa a.

Konbyen dòz pitit mwen an bezwen?

Yo rekòmande pou tout timoun yo resevwa omwen de (2) dòz.

  • Timoun ki gen laj 6 mwa - 4 an jwenn yon seri prensipal Pfizer 3 dòz oswa yon seri prensipal Moderna 2 dòz.
  • Timoun ki gen laj 5-11 an jwenn yon seri prensipal 2 dòz
  • Timoun ki gen laj 12-17 an jwenn yon seri prensipal 2 dòz

Timoun ki resevwa yon seri 2-dòz ki gen yon sistèm iminitè ki yon ti jan aflebli oswa ki afebli anpil yo ta dwe resevwa yon dòz prensipal siplemantè 28 jou apre 2yèm vaksen yo a epi tout timoun ki gen laj 6 mwa+ yo ta dwe resevwa yon dòz rapèl.

Ki moun mwen ta dwe kontakte si mwen gen kesyon sou vaksen an?

Pale ak pedyat pitit ou a oswa lòt pwofesyonèl swen sante ou fè konfyans pale ak yon travayè sante kominotè oswa li enfòmasyon yo sou sit sa a www.CovidVaccineWA.org.

Ki kote mwen ka mennen pitit mwen an pou li pran vaksen an?

Eta Washington bay tout vaksen yo rekòmande yo gratis pou timoun jiska laj 18 lane. Mande pedyat pitit ou a oswa klinik regilye ou a si yo ofri vaksen COVID-19 la.

Fanmi ki poko gen yon pwofesyonèl swen sante kapab rele Liy Dirèk Help Me Grow WA nan 1-800-322-2588 oswa ale sou ParentHelp123.org pou yo jwenn yon pwofesyonèl swen sante, klinik, oswa lòt resous sante. Sèvis sa a gratis epi gen sèvis entèpretasyon ak tradiksyon ki disponib.

Epitou, ou kapab ale sou VaccineLocator.doh.wa.gov epi itilize filtè a pou w wè yon lis kote ki toupre w ki gen vaksen pedyatrik la.

Èske pitit mwen an kapab resevwa vaksen COVID-19 la lè yo pran lòt vaksen tankou vaksen kont grip?

Wi. Pitit ou a kapab pran vaksen COVID-19 la an menm tan avèk lòt vaksen yo.

Ou pa bezwen pwograme vaksen lekòl ki obligatwa (Anglè sèlman) pitit ou a oswa lòt vaksen ki rekòmande separeman de vaksinasyon COVID-19 la. Yon randevou pou vaksen COVID-19 se yon lòt opòtinite pou mete pitit ou a ajou pou tout vaksen yo rekòmande yo.

Èske vaksen COVID-19 la pral nesesè pou pitit mwen an ale nan gadri oswa nan kan lajounen?

Washington State Board of Health (Anglè sèlman) detèmine ki vaksen ki nesesè pou lekòl avèk gadri. Nan moman sa a vaksen kont COVID-19 la pa obligatwa pou lekòl oswa gadri.

Pou kan lajounen yo, kontakte òganizasyon k ap òganize kan an pou w konnen kondisyon li yo.

Ki jan nou fè konnen vaksen yo san danje epi efikas pou timoun yo?

Pou asire ke vaksen COVID-19 yo an sekirite, Centers for Disease Control and Prevention (CDC, Sant pou Kontwòl ak Prevansyon Maladi) elaji ak ranfòse kapasite peyi a pou kontwole sekirite vaksen an. Pa konsekan, ekspè sekirite vaksen yo ka kontwole ak detekte pwoblèm ke yo ka pa te wè pandan esè klinik vaksen COVID-19 yo:

Pfizer

Timoun ki gen laj 6 mwa-4 an yo

  • Anviwon 4,500 timoun ki gen laj 6 mwa pou rive 4 an te resevwa vaksen Pfizer kont COVID-19 lan nan esè klinik. Repons iminitè gwoup laj sa a nan yon seri 3 dòz te sanble ak repons iminitè patisipan ki pi gran yo. Yo pa te detekte okenn efè segondè ki grav nan etid ki ankou a.

Timoun ki gen 5 rive 11 lane yo

  • Anviwon 3,100 timoun ki gen 5 pou rive 11 lane te resevwa vaksen Pfizer kont COVID-19 la nan esè klinik yo. Yo pa te detekte okenn efè segondè ki grav nan kad etid ki ap fèt kounye a.
  • Yo te kapab konpare repons sistèm iminitè timoun ki gen 5 rive 11 lane yo ak repons sistèm iminitè moun ki gen 16 rive 25 lane yo.
  • Vaksen an te prèske efikas a 91% nan prevansyon COVID-19 kay timoun ki gen 5 rive 11 lane yo.

Timoun ki gen 12 rive 15 lane yo

  • 2,260 patisipan ki gen 12 jiska 15 lane te enskri nan yon esè klinik owaza k ap kontinye epi ki kontwole gras ak plasebo nan peyi Etazini.
  • Ladan yo, 1,131 patisipan adolesan te resevwa vaksen an epi 1,129 te resevwa yon plasebo sale. Yo te suiv plis pase mwatye nan patisipan yo pou rezon sekirite pandan omwen de (2) mwa apre dezyèm dòz la.

Moderna

Timoun ki gen laj 6 mwa - 5 an

  • Apeprè 6,300 patisipan ki gen ant 6 mwa ak mwens pase 6 an te patisipe nan yon esè klinik pou vaksen Moderna COVID-19 la. Vaksen an te prèske gen 50% efikasite nan anpeche COVID-19 kay timoun ki gen 5 jiska 11 lane yo. Yo pa te detekte okenn efè segondè ki grav nan etid ki ankou a.

Timoun ki gen laj 6-11

  • Apeprè 4,000 patisipan 6-11 an te patisipe nan yon esè klinik pou vaksen Moderna COVID-19 la. Repons iminitè gwoup laj sa a pou vaksen an te konparab ak repons iminitè granmoun yo. Yo pa te detekte okenn efè segondè ki grav nan etid ki ankou a.

Timoun ki gen laj 12-17 an

  • Apeprè 3,700 patisipan 12-17 an te patisipe nan yon esè klinik pou vaksen Moderna COVID-19 la. Vaksen an te prèske gen 93% efikasite nan anpeche COVID-19 nan group sa. Yo pa te detekte okenn efè segondè ki grav nan etid ki ankou a.

Novavax

Timoun ki gen laj 12-17 an

  • Apeprè 2,200 patisipan 12-17 an te patisipe nan yon esè klinik pou vaksen Novavax COVID-19 la. Vaksen an te prèske gen 78% efikasite nan anpeche COVID-19 nan group sa. Yo pa te detekte okenn efè segondè ki grav nan etid ki ankou a.